Cookies help us deliver this site and services. By using this site and our services, you agree to our use of cookies.
Got it

TANN

By: Miu


Genres

R & B

Description

Creole POP/R&B Drama Love Song! Urban Music with a Classic feel!

show more...

Lyrics

-I- Tann se tann mwen chita m’ap tann Li vire je l’ gade nan direksyon m’ Malgre tout sa mwen fe pou m’atir’atasyon l’ Je l’ pase sou mwen kom si mwen pat ekziste Tann ses tann mwen rete map tann Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l’ Mwen fe ti touse, mwen baye, m’respire fo Se pa pou li sa, l’pa tande m’, pa we m’ Chorus Kisa mwen fe ki fe li paka we m’ Kisa pou m’ fe pou l’ ka pans eave m’ Mwen pa sipote endiferans won flech Kwe mwen si ou vle, sa se pi gwo defo m’ -II- Mwen ki te panse, mwen te ilimite Ou se limit mwen ou fem renonse Se pa yon bagay fasil pou aksepte Si m’ koute kole m’ m’ap tounnen on danje Lo mwen ap gade ou je ou lot kote Lo m’ vire m’ santi je ou dan do m’ kou dife M’pa fouti konprann, m’ta renmen w’eksplike m’ Ki barye kif e ou paka aksepte m’ -Bridge- Mwen eseye tout sa ki ta posib Mwen te panse mwen te yon fanm ki lib Men ou kraze libete m’ Ou mache sou lachte m’ San pitye, san pitye, san pitye Lo ou cheche ou twouve Se say o di Cheche ou toupatou Lannwit kou douvanjou Mwen pa janmen twouve ou Pa tanmen trape ou Ou kache m’pa konn kote ou sere {Repeat Chorus} Tann se tann mwen chita m’ap tann Li vire je l’ gade nan direksyon m’ Malgre tout sa mwen fe pou m’atir’atasyon l’ Je l’ pase sou mwen kom si mwen pat ekziste Tann ses tann mwen rete map tann Pase men nan chevem, kwaze pyem dekwaze l’ Mwen fe ti touse, mwen baye, m’respire fo Se pa pou li sa, l’pa tande m’, pa we m’ {Outro} Tann se tann mwen chita m’ap tann M’ap tann, m’ap tann M’ap tann ou, m’ap tann ou M’ap tann ou Oh-oh-oh oooooooooooooh

© Amazing Media Group 2007-2024
About | Cookies & Privacy