Cookies help us deliver this site and services. By using this site and our services, you agree to our use of cookies.
Got it

Loyiz


Genres

Tropical

Description

Loyiz was filmed in Haiti showing the island life, the song was performed by Gregory Telfort.

show more...

Lyrics

Kouman poum tenyen flanm lanmou Andedan kèm kote'w pi byen Linondasyon pap pot ale Non'w ki ekri ak lèt dore Si'w ta tchwipe je doum yon jou Map keyi lalin jès moun fou Voye wòch kase tèt nwaj yo Poum viv lontan pa banm poto Loyiz Wou se branch pye lavim Bon jan rim nan pwezim Lang mwen ki fèm pran gou Ke'w dous kou rapadou (x2) Anwo latè mwen pap troke Souri'w ki gen koulè bèl flè Se mwen'k ka di'w kòmanm chanje Lèm te kontre'w nan yon bèze Si'w ta tchwipe je doum yon jou Map keyi lalin jès moun fou Voye wòch kase tèt nwaj yo Poum viv lontan pa banm poto Loyiz Wou se branch pye lavim Bon jan rim nan pwezim Lang mwen ki fèm pran gou Ke'w dous kou rapadou (x2) Si ta va genyen lafen denmen Pou moun ki pa kwè nan renmen Nap premye pi bèl kreyati Kap gen chans beni lanati Loyiz oh oh Soupi'w se yon melodi Ki fè plezi grandi Lanmou'w se matchatcha Tout kòm se boul mousa Wou se premye lanmou Dènye bobo ke lanati Te ka ban mwen Loyiz Lang mwen ki fèm pran gou Kè'w dous kou rapadou

© Amazing Media Group 2007-2024
About | Cookies & Privacy